Tumgik
#konfime
etiennelouisjuste · 1 year
Photo
Tumblr media
Ann wè ansanm kèk bagay ou te ka pat konn de fi e dim ki nimewo ou pat konnen.. 1- nouve ne fi yo pi rezistan ke nouve gason yo e sa ki eksplike gen plis ti bebe gason ki pako gen 28 jou ki mouri ke ti bebe fi 2- sèvo fi atenn matire pi rapid ke gason se sak fè maladi ki lyea imatirite sèvo an se plis ti gason yo touche 3-ti mesye sa pa konn rive wap fè diskisyon a mennaj ou sou yon rad ou estime ki pwòp li menm li diw li sal ? Oubyen yon rad ou di ki blan li menm li diw li krèm sa lye a koz langaj koulèl pi devlope ke gason e anpil etid konfime sa 4- kòtèks nan sèvo pou pran desizyon pi devlope lakay fi ke gason se sak fè fi gen kapasite pou fè plizyè travay an menm tan , se pa pou gran mesi yo rele yo poto mitan kay 5- daprè anpil obsèvasyon yo remake fi an gen kapasite pou angrese patnè l,yo remake anpil gason ki angaje yo nan relasyon alontèm ane an ane yo vin pi gwo, ou konn wè nèg la tou mens li nik marye men gwosès toro an😂 yo konkli gen 2 posibilite yo byen nouri gason an swa yo vle nèg la vin pi fò pou proteje yo poul gen yon gwo gason kotel, oubyen envolontèman yo vle rann neg la mwen atiran pou lòt fi pa proche 6- kò fi mwen rezistan a alkòl pa rapò a gason sa lye a anzim ki metabolize alkòl lan ki mwens lakay fi ke gason, yon fi ki bwè anpil gen plis chans fè maladi fwa ke gason 7-sèvo gason pi gwo ke fi ò yo gen menm kantite selil(pi piti inite nan kòw ki pèmèt ou viv) sa vle di sèlil nan sèvo fi an pi anpile, e aprè kèk etid yo remake fi an itilize sèvol pi efikas ke gason , nan tès memwa anpil fwa fi yo toujou fè plis skò ke gason 8- fi jere finans pi byen ke gason aprè yon etid an espay yo estime envestisman medam yo pi rantab jiska 7% pa rapò a gason , lakay nou wap wè anpil fwa kòmès medam yo mache byen rapid ...yo konkli sa lye a le fèt fi pa renmen pran risk e ke yo pi aprann de erè pase yo 9-fi gen pi bon memwa ke gason? Ti mesye nou eseye fè diskisyon a mennaj nou deja?gen de bagay lap diw te fè ou konn fè tout yon nwit aprè diskisyon an pou sonje bagay sa ou paka sonjel 10- fi kondwi pi byen ,kondwi byen pa vle di lèw ap fè eksè vitès ou pa fè aksidan men se lèw ap kondwi a pridans ,anpil etid montre fi pi vijilan e pi kalm ke gason https://www.instagram.com/p/CpkrqR0rgn2/?igshid=NGJjMDIxMWI=
0 notes
juno7haiti · 2 years
Text
Sa gen 4 jou Éric Jean Baptiste te di sou Twitter esperans vi moun an Ayiti se 24 trèd tan
Sa gen 4 jou @e_jeanbaptiste te di sou #Twitter esperans vi moun an Ayiti se 24 trèd tan.- #Juno7 #J7Oct2022
Sa gen 4 jou, Éric Jean Baptiste sou kont Twitter li te di esperans la vi moun anndan se 24 trèd tan. Lidè RDNP a Éric Jean Baptiste mouri nan lannwit 28 pou louvri samdi 29 oktòb la aprè yon atak nèg ak zam fè sou li nan zòn Laboul 12, se Ricardo Nordain, sekretè jeneral adjwen Kominikasyon nan RDNP ki te konfime nouvèl lanmò a pou Juno7. Byen avan asasina pwopriyetè bòlèt “Père Éternel Loto” a,…
Tumblr media
View On WordPress
0 notes
aktya24 · 2 years
Photo
Tumblr media
Moskou, Out 04 (AKTYA 24) Minis Afè Etranjè Ris la konvoke anbasadè Nòvejyen nan Moskou, Ron Risland, e li fè l konnen rete konsil jeneral peyi li a nan Larisi, Elisabeth Ellingsen, pa posib apre deklarasyon li te ostil ak pèp Ris la. "Nou pran an kont deklarasyon Minis Afè Etranjè Nòvejyen an ki eksprime regrèt sou ensidan wont sa a, men an menm tan nou konfime ke rete Ellingsen sou teritwa Federasyon Larisi la te vin enposib," Ministè Afè Etranjè Ris la te di nan yon deklarasyon. . Pòtpawòl Ministè Afè Etranjè Ris la, Maria Zajarova, denonse konpòtman dewogan diplomat Nòvejyen an apre li te poste yon videyo sou rezo sosyal yo kote diplomat la parèt nan yon otèl nan Murmansk kap lage sou Larisi yo. https://www.instagram.com/p/Cg2JORNOgOH/?igshid=NGJjMDIxMWI=
0 notes
Text
0 notes
piworecords · 3 years
Photo
Tumblr media
@loganneparis & @palmis_entertainment @PIWORecords #AlbumRelease #CocktailsParty 7 Aout 2021 @hollywoodlivefl #Florida #Konfime @bigfa_patatla2.0 https://www.instagram.com/p/CQgXe0bBMco/?utm_medium=tumblr
0 notes
tiran2vou · 7 years
Photo
Tumblr media
#Tiran2vou pap #grandi #BeYoung #tr2v @djlee.payiti #konfime
0 notes
bebe-defo · 2 years
Video
Se konfime, HMI la gen yon lòt gwo talan. Viktwa pou Ayiti, viktwa pou Endistri Mizik Ayiti a. Felisitasyon bro. Video a soti kouri al gade l. Epi mete dife. @d_singerofficial #bebe_defo #jetaimetous https://www.instagram.com/p/CdeZAwop8UD/?igshid=NGJjMDIxMWI=
0 notes
zoutilevanjil · 2 years
Photo
Tumblr media
FLASH - Selon yon sous nou ka fè konfyans, Se konfime ke Pastè Lochard Remy jwenn Liberasyon li aswè Samedi 12 Fevrier 2022 a vè 8hr PM. #TRAVAYLEVANJIL https://www.instagram.com/p/CZ591yEM3e5/?utm_medium=tumblr
0 notes
scenaristefadou · 3 years
Text
" EXCESS LOVE "
EKRI PA : FADELÈNE AUGUSTIN
TÈKS : JUILLET 2021
EPIZÒD : 13
🎀🎀🎀🎀🎀🎀🎀🎀🎀🎀🎀🎀🎀🎀🎀
Pedro pa di anyen , li jis vire ale . Victoria toujou ap pran plezi l ak Philippe . Baryè a frape , li kouvri kò l ak yon sevyèt pou l al ouvri . Philippe pa di anyen .
SCÈNE 1 : VICTORIA/MOUN NAN
VICTORIA(apre l fin ouvri baryè a) : Kòman m ka ede w ?
MOUN NAN : M te vle pale ak Philippe svp .
VICTORIA(gade l anba pou monte) : Philippe okipe , ou te bezwen l ijan ?
MOUN NAN : Non , pa enkyete w .
Li vire pou l ale .
VICTORIA(gade l) : Si se yon bagay enpòtan w te gen pou w di l , ou ka kite mesaj wi .
MOUN NAN : Non mèsi , dezole si m deranje w .
Victoria tchwipe pwi l fèmen baryè a , li antre al jwenn Philippe .
SCÈNE 2 : VICTORIA/PHILIPPE
PHILIPPE(gade l) : Sa k pase ?
VICTORIA(ak yon vwa sansyèl) : Anyen grav boo .
PHILIPPE : Ou pa di m ki moun li te ye non .
VICTORIA(byen kalm) : Yon msye , m di l pou l kite nouvèl li gen pou ou a l jis vire l ale .
PHILIPPE : Ou kwè nan sa w di a ?
VICTORIA(laji men l) : Pouki pou m ta ap bay manti la Philippe ?
PHILIPPE : M pa rive jis la .
VICTORIA : Depi w di m ! (Leve pou l met rad sou li) m pa p rete non depi maten m nan lari , m ap pase kot manmi an .
PHILIPPE(byen vag) : Ou te dwe gentan ale deja .
VICTORIA : Konsa menm ? Omwen w ta di m mèsi !
Philippe tchwipe pwi l vire tèt li lot bò . Victoria fin met rad sou li , l al fè wout li . Florence chita sou lakou a ap lave veso yo pou l remèt , li tande baryè a frape l al ouvri .
SCÈNE 3 : FLORENCE/PEDRO
FLORENCE(kontan) : Ped !
PEDRO(byen vag) : Kòman w ye Flo ?
FLORENCE(rega li vin sonm) : Ah ! Pwoblèm Ped .
PEDRO : Kòmansa ? Ki pwoblèm nou gen la ankò ?
FLORENCE(avanse pou Pedro ka antre) : Ann antre pito , depi maten Mama anvi wè w .
PEDRO(ak yon rega sou kote) : Ou pa t anvi wè m tou ?
FLORENCE : Wi certes men m prefere pase sou sa .
PEDRO : M pa kont chwa w .
Moun yo antre , depi nan pòt la Mama pran souri . Timoun yo kouri vin anbrase Pedro .
SCÈNE 4 : FLORENCE/PEDRO/MARIE-MAGDALA
FLORENCE(gade Mama) : M panse w te dòmi wi ?
MARIE-MAGDALA : Kòman w te vle pou m dòmi si men an pa banm chans sa ?
PEDRO(gade l) : Sa w gen nan men an ?
MARIE-MAGDALA(vire tèt li lot bò tou piti) : Se yon long istwa .
PEDRO(pran yon chèz li chita devan l lan) : Rakonte m .
MARIE-MAGDALA(fè yon soupi) : Istwa lavi m tèlman biza , m pa kwè w ap pran sa m pral di w la serye .
PEDRO : Poutan se youn nan rezon ki fè m vin la .
MARIE-MAGDALA(pantan) : Pou m rakonte w istwa m ?
PEDRO : Pa sèlman istwa w , m vle konn plis de nou .
MARIE-MAGDALA(gade l) : E si nou pa chwazi rakonte w , sa k ap pase ?
PEDRO : M ap respekte chwa nou men m ap rete nan limit mwen .
FLORENCE(gade l) : Kòmansa ? M raple m ke w te di m w ap ede nou san patipri ?
PEDRO(byen vag) : M te vle ede nou ak pwòp volonte m e m toujou repete sa men si m pa ka konn anyen de nou , kòman m ap fè gen plis devouman pou m fè l ?
FLORENCE : M panse yon èd rete yon èd . Si w ka ede nou fè l , si w pa kapab lavi kontinye .
PEDRO(santi l agase) : Se paske m te konnen leve timoun pa fasil ki fè m te pran angajman pou m ede nou men a la fen m reyalize se kòve m t ap fè . Poukisa ?
FLORENCE : Sa se kesyon pou m poze w !
PEDRO : Sa poko gen menm yon mwa depi m pot yon kòb ba nou pou n peye dam nan , lè m rive la m jwenn nou kouche tou rèd . M te etone paske se premye fwa m te wè nou nan eta sa , m te antre pou m al gade si Daliana byen . M resevwa yon move kou dèyè tèt , m sot tonbe . M tande anpil moun ap di nou se lougawou men sa pa t anpeche m kontinye ede nou , m toujou pran risk pou m vin wè nou malgre sa . Si jodya nou pa banm verite , tout bagay ap fini ant nou .
Medam yo tèlman sezi , youn gade lòt . Pedro ret chita byen move ap tann yon eksplikasyon . Victoria rive kay manman l lan , li pa menm frape li jis antre . Rive anndan an , li pa wè manman l .
SCÈNE 5 : VICTORIA
VICTORIA(ap pale pou kò l) : Bon kot granmoun sa fè la ? Moun nan fin ba w fè yon bagay pou w vin kote l apre , li pati pati l .
Menm kote a , li vire dèyè a pou l al pipi . L al sote sou manman l ki kanpe dèyè yon mi ap tande sa Pedro ap di medam yo .
SCÈNE 6 : VICTORIA/VWAZIN NAN
VICTORIA : Sa w ap fè la manman ?
VWAZIN NAN(pantan) : Oh ! Vic , kòman w ye ?
VICTORIA(sispèk) : Mwen byen wi men w poko di m sa w kanpe ap fè la non .
VWAZIN NAN(fè l siy pou l bese vwa l) : Pa pale fò cheri , yon bagay m ap tande .
VICTORIA(pa konprann anyen) : Sa l ye la ?
VWAZIN NAN(tchwe je ba li) : M ap eksplike w aprè .
Victoria pa di anyen , l al pipi a . Li retounen vin jwenn manman l pou l rakonte l kòman sa te pase . Pou l pa sispèk anyen , vwazin nan deplase san fè rezistans .
SCÈNE 7 : VICTORIA/VWAZIN NAN
VWAZIN NAN(ap mache e pale anmenmtan) : Ou te fè tout sa m te di w yo ? Kòman sa pase ?
VICTORIA(ak yon lè dezespere) : Wi manman men anyen pa mache , sanble pafen w te banm nan pa efikas . Se anba mizè m rive sedwi Philippe .
VWAZIN NAN(kanpe sèk) : M kwè m te di w se yon pafen cham li ye , depi w jis flite l sou ou oubyen nan figi Philippe l ap vin dou ? Ou pa resite priyè a ?
VICTORIA : M di w m fè tout sa w di m yo manman (lage dèyè l atè a tou dezole) se pa de imilye Philippe imilye m .
VWAZIN NAN : Men w te rive sedwi l kanmenm ?
VICTORIA(vire tèt li lot bò tou piti) : Wi , m te oblije desann nan nivo Magdala
VWAZIN NAN(fache) : Nan nivo ki Moun ? Konbyen fwa m di w ou pa dwe desann nan nivo medam sa yo devan nenpòt ki Moun li te ye a ?
VICTORIA : Se pa nan sans ou pran l lan manman , m te jis ap fè sanblan pou m te ka konvenk li . Si se pa t sa , nou pa t ap ka kouche ansanm .
VWAZIN NAN(twaze l) : Menm si sa !
VICTORIA(leve) : Ann antre manman , m gen bon nouvèl pou ou .
Vwazin nan pa di anyen , yo antre . Rive anndan an , Victoria lonje yon kapòt ki fèk sot sèvi ba li .
VWAZIN NAN(ak tout dan l deyò) : Bon travay pitit fi m , vini m sere w nan bra m .
Li rale l vin sou li e yo te anbrase .
VICTORIA(souri) : Ou konnen m pa t ap fè erè sa manmi , m twò damou Philippe pou m ta kite chans sa pase .
VWAZIN NAN : Bagay la se goumen pou sa w vle a pitanm , se kounya m ka di w pran kot manman w . Vin al chita pou w ka fin rakonte m kòman sa te pase pi byen men pa bliye objektif nou se detwi , lè n fini n ap pase pran Pedro . M sispèk li gen bon ti mwayen nan men l .
Medam yo chita pou yo pale de tou . Florence tèlman fache pou fason l wè Pedro ap jwe avè l nan moman an , se Marie-Magdala ki oblije kalme l .
SCÈNE 8 : FLORENCE/PEDRO
PEDRO : M konprann nivo fristrasyon w men se pa mwen ki di nou se lougawou a , mwen vin la pou m konprann e konnen si sa y ap di de nou an se verite .
FLORENCE(byen dwòl) : Menm si m te lougawou sa pa regade pyès moun , m te gentan konnen w t ap gen pou w vin ak yon pretèks pou w minimize nou aprè paske se sou zepòl ou n ap viv .
PEDRO : Men non , quelle idée ! M vin la pou m ka konfime si wi ou non se verite , m pa la pou m minimize pyès moun .
FLORENCE : M pa enkyè pou sa moun panse de mwen paske m konn ki kote m soti e ki kote m vle rive , sa ki konsène m pa ta dwe pwoblèm pyès moun .
PEDRO : Ann kite sa pou evite skandal , jan m sot di a m ap ret nan limit mwen .
FLORENCE : Avan w ale di m konbyen kòb ou te depanse pou nou pou m ka fè yon jan pou m remèt ou yo .
PEDRO : Ou pa bezwen enkyete w Flo , tout sa m te konn fè yo se te ak pwòp volonte m . Pa kite kòlè fè w fè sa w pa t dwe fè .
FLORENCE(vire tèt li lot bò ak mepri) : Kit se te ak pwòp volonte w ou pa , kou m gen mwayen m ap remèt ou tout .
Pedro te santi l dezapwenti , li bese tèt li tou dezole . Philippe nan kwizin nan ap eseye fè yon bagay pou l manje , li vire tèt li nan direksyon pòt la pa aza . Li wè sèvant lan ki kanpe ap gade l byen tris .
SCÈNE 9 : PHILIPPE
PHILIPPE(pase men l nan zye l pou l wè si se nan dòmi l te ye) : Maya ?
Sèvant lan pa reponn , li ret kanpe ap gade l pandan l ap souke tèt li .
PHILIPPE(avanse pou l manyen l) : Maya ?
Li kontinye avanse dousman , kou l prèske touche sèvant lan li disparèt . Li lage dèyè l atè a tou dezole . Pedro leve pou l al lakay li , lè l rive li jwenn manman l kanpe devan baryè a ap tann li byen move .
SCÈNE 10 : MANMAN PEDRO
MANMAN PEDRO(gade l) : Kòmanse pran pakèt ou pou mwen !
Li vire antre , lè Pedro gade l wè tout rad li gentan deyò . Li sezi pou l mouri ...
0 notes
radioindependantefm · 3 years
Photo
Tumblr media
Premye ensfomsyn ki vinn jwenn Radio Independante FM : Eske se vwe Ann ede'm konfime Sanble sitwayen sa nan G pèp . * Korespondan nou Delisme Nehemie * (à Carrefour, Ouest) https://www.instagram.com/p/CNKjkaeppCQ/?igshid=2hg2h8og7ph7
0 notes
jadenfanm · 3 years
Text
JIJI ak zanmi l : Kwonik yon adolesans ayisyèn
Epizòd 2 : Mèt Ismaël ak Chacha
Sèn an ap pase nan lakou lise Fritz Pierre-Louis. Premye jou lekòl.
Nerva. — Cheve siwo ak pèmanant lan ki fè w paka di moun bonjou a Jiji ? Sak te gentan genla ?
Jiji. — Nerva, tank ou renmen zen ! (tou de ri) Ou byen konnen se wè m pa wè w. (Yo anbrase). Ou bèl wi fi ! Kot lòt medam yo ?
Nerva. — Ou konnen se nou ki toujou la depi premye jou. Murielle ak Maria nan wout. Lot moun yo ap vin nan semen sa oubyen lòt semen.
Jiji. — M twò anvi wè yo ! M pa pale ak okenn moun non pandan vakans lan. M pa regle anyen ke fè manje, li la bib pou grann mwen ak kèk woman Jacques Stephen Alexis tonton m te pot pou mwen.
Nerva. — Fò w rezoud pwòblèm telefòn sa wi pitit. Ou rate tout zen vakans lan !
Jiji. — Ki zen konsa ? Se toujou menm bagay yo. Ti mesye yo pataje tout tenten sou group whatsapp la!
Nerva. — Non. Gen pi bon zen toujou. Mesye Ismaël, pwofesè syans sosyal la...
Jiji. — Woy ! Pa dim yo tire l menm jan ak mèt Jean- Jacques non !
Nerva. — Non. Li pa mouri. Mesye a byen vivan pitit ! Li renmen ak bon zanmi w Chacha. Apa w sezi ? Ou genlè pat konnen vre. Se nou tout ki te sezi wi. Ti mesye yo gentan kòmanse fè track sou mèt la ak Chacha.
Jiji. — M pa fouti kwè sa ! Kote w jwenn pawòl sa ?
Nerva. — Koze a soti nan bon ti mamit. Ou konn Gerald, pa vre ? Ti patnè mens ki nan reto a ? Li rete nan menm katye ak mèt la. Li kwaze Chacha plizyè fwa, men nan men ak mèt la nan zòn lakay li.
Jiji. — Depi ane pase mesye sa ap mache koze ak tout ti medam nan klas la ! Si se vre, se jwe l jwe nan tèt Chacha pou l ka abize l !
Nerva. — A Jiji ! Pa vin pran pou zanmi w lan la ! Chacha pa timoun piti. Li te vle tou. Poukisa nou youn pa remen ak mèt la pandan li te mache koze ak tout fanm ki nan pwomosyon nou an ? Chacha te byen sou sa. L ap pran pòz paka pale l. Méfiez-vous de l’eau qui dort !
Jiji. — M pa pran pou li non Nerva. Mwen bezwen l konfime m sa ak pwòp bouch pa l. Men mèt la se granmoun li ye ! Se li ki pèdi wòl li. Si nou te pote plent pouli lèli te konn ap karese epòl nou nan klas la, sa pa t ap rive la. Chacha vrèman pa li menm depi lè manman l fin mouri ane pase a.
Nerva. — Pote plent ! Bay kiyès pou kiyès ! Bòn chans ma sè ! Mesye a se kouzen direktè a li ye wi. Y ap monte dosye sou do w. Y ap fout ou zero nan tout matyè pou yo ka mete w deyò nan lise a tankou se chen !
Jiji. — Ki mele m ! Granmou demeplè sa frekan twòp ! Li pa janm vin fè kou ! Chak li vini se koze ak lodyans li vin bay nan klas la epi mache manyen moun ! Direktè a p ap ka met nou tout deyò si nou tout pote plent.
Nerva. — Lè w ap pote plent lan ma sè, tanpri pa lonmen non m. M pap vin fè pwofesè make m pou tripotay, fout mwen zero. Chacha pral rayi w kounya, paske w pral met mennaj li nan zen ! Pitit ou paka pi vekse pase tout moun ! Se pa premye asyèt ki kraze nan gouvènman ! Mwen m ap viv tout vi m. M pa pral foure bouch mwen nan koze gason ak fi ki damou pou m fè moun rayi m.
Jiji. — Ki gason? Ki fi ? Mèt la gen twa fwa laj Chacha wi si m pa twonpe m ! Ou paka zanmi yon moun pou w pa vle met pye nan dlo pou li. Epi si nou denonse mèt lan se pou nou tout l ap bon. Kijan w t ap santi si se ak tisè w ki nan sizyèm nan yo te wèl men nan men ? He ben pare w pou sa, paske nou pa premye pwomosyon l ap tizonnen, l ap abize an silans e si nou pa met ansanm pou pote plent pou li, nou p ap denye. Mesye a dwe konn wòl granmoun li Nerva! Chacha pa kare menm jan ak nou... li gendwa panse son koze renmen vre wi. Men nou menm nou konnen mèt la son zokiki li ye, yon pèvès, se abize li bezwen abize Chacha.
Nerva. — Si se ta Medjeen ! M tap touye l ! M pa t ap bezwen konnen si se ak tout volonte l li al met tèt li anba granmoun sa !
Jiji. — Ou pa gen dwa pou w touye l. Se pou non l site, se pou nou fè konnen ki moun li ye ak zak l ap mache fè. Son egzanp pou n trase. Menm jan w t ap konprann si se te Medjeen nan, se konsa pou w konprann pou Chacha. N ap tann li vini pou n pale avèl epi n ap monte yon komite pou n pote plent pou mèt Ismaël.
Men Murielle ak Maria. Sa n genyen nou bèl konsa medam !
Nerva. — Se sa yo rele à fleur de l’âge la wi. Moun yo ap fleri. -
Youn anbrase lòt
Murielle. – Sak gen nan lòj Nerva ! Ou gen yon mèt tou ? Nerva. — Mesdames ! Figurez-vous ke Jiji pat o
kouran pou Chacha ak mèt Ismaël.
Murielle. — Bagay sa twò lèd ! Mesye a frekan. Chacha egare !
Maria. – Sa kite frakan dèyè ! Nèg sa son kriminèl li ye ! Gérald di li konn ap soti ak tifi douzan. Douzan wi ! Fè yo fo pwomès epi kouche yo. Kè m fèm mal pou Chacha. Men kote l rive a la, li p ap pran konsèy nan men pèsòn !
Jiji. — Si w wè sa mwen menm m ap pale l wi ! Lekòl la ap fini pi bonè jodia, ann al lakay li non pita.
Nerva. — Se ou ki te gen rezon Jiji. Mesye sa se mache l ap mache fè e defè. Si nou pa pale koze a, l ap pèdi tout tifi nan peyi a !
Maria. — Depi ane pase, m te klase l ! Ap vin di m li ta manje ti bouch mwen ! Nou tande de koze ! Nan klas la wi ! Ayyyy lè m di nou sa ! M kase met nan men l ! M panse l t ap jete fèy egzamen m nan ! Se pou n retire Chacha anba l epi pote plent pou malfektè a. M pa gen okenn baboukèt m ap met nan dyòl mwen pou sitire malfektè !
Murielle. — Wouy Jezi ! Maria a gon rejis ti granmoun! Bon pitit kote yo jwenn ou !
Tout moun ri.
Maria. – Pitit Tisè m ye wi ! Fanm latibonit. Nou pa janm manje koze pou moun ! Mwen ak Jiji se menm plim, menm plimay.
Klòch la sonnen pou fè antre
Andrise PIERRE
0 notes
netalkolemedia · 1 year
Text
Vatikan konfime lanmò ansyen pap Benoît XVI
Vatikan konfime lanmò ansyen pap Benoît XVI
Ansyen dirijan legliz katolik la, Benoît XVI, mouri jounen samdi 31 desanm 2022 an a 95 lane. Yon nouvèl Vatikan konfime menm jou an, atravè direksyon sèvis près li. « Mw gen doulè anonse nou pap emerit lan, Benoît XVI, mouri jodia a 9è34(lè ewòp), nan monastè Mater Ecclesiae ki nan Vatikan. Lòt enfòmasyon ap vini lè sa posib», ekri yon kominike ki pote siyati Matteo Bruni, direktè sèvis près…
Tumblr media
View On WordPress
0 notes
juno7haiti · 2 years
Text
MSPP konfime gen yon nouvo flanbe kolera nan peyi a
.@MsppOfficiel konfime gen yon nouvo flanbe #kolera nan peyi a.- #Juno7 #J7Oct2022
Ministè Sante Piblik ak Popilasyon enfòme popilasyon an sou nouvo flanbe kolera nan peyi a. Nan yon nòt ki soti jodi dimanch 2 oktòb la, ministè sante piblik ak Popilasyon fè konnen li detekte yon ka konfime kolera nan Savann Pistach/Dekayèt ki tou prè zòn Kafoufèy nan Pòtoprens. Ministè a fè konnen tou gen lòt ka sispèk nan katye Brooklyn, komin Site Solèy. Nan sans sa, MSPP mande kolaborasyon…
Tumblr media
View On WordPress
0 notes
yelemagazineme · 3 years
Text
Anpil ipotèz ta alabaz dife ki boule mache Chatuley nan Lewogàn
Anpil ipotèz ta alabaz dife ki boule mache Chatuley nan Lewogàn
Mache Chatuley boule yè mèkredi swa ki te 27 janvye 2020 an. Touswit aprè dife sa, redaksyon Juno7 la te rantre an kontak ak Wilangelo Legrand Joseph ki se responsab kominikasyon meri Lewogàn ki t ap pote detay. Mesye Wilangelo pat an mezi ka konfime sa ki ta alabaz dife sa ki boule yon pati nan mitan mache a, blòk espas chabon an. Men, responsab kominikasyon an fè konnen gen anpil ipotèz ki ka…
Tumblr media
View On WordPress
0 notes
sawpanse · 4 years
Photo
Tumblr media
105 nouvo ka konfime ak 4 nouvo lanmò anba #COVID19 nan peyi Dayiti. https://www.instagram.com/p/CAqG_MFAp3L/?igshid=2q0l3zjo3lva
0 notes
piworecords · 3 years
Photo
Tumblr media
@loganneparis & @palmis_entertainment @PIWORecords #AlbumRelease #CocktailsParty 7 Aout 2021 @hollywoodlivefl #Florida #konfime @djlee_p https://www.instagram.com/p/CQgXmLUBb_2/?utm_medium=tumblr
0 notes