Tumgik
fmarckenson · 2 years
Text
Lit politik pa dwe fè nou pèdi imanite nou ak sans sitwayen nou.
Depi kèk jou anpil kamarad ap kesyone sou pozisyonm. Se byen men gen ki ale pi lwen pou atakem sou baz opinyonm. Mw estime sa rive twò lwen. Menm gen ki dim ap defann PM Ariel. Sa pa janm nan entansyonm. E mw pap ka defann Ariel paske anyen pap mache e ou gen lenpresyon ke lap fè kontinite ak pouvwa PHTK a. Mw toujou kanpe sou menm bit defann Ayiti. Mwen pa ta ka anfas lit popilè. Mwen nan pèp la e mwen ret kwè san lit la pèp la pap jwenn anyen. E mwen toujou pote kole pou kite yon Ayiti miyò pou lòt jenerasyon yo. Mwen pozisyonem sou 3 pwen kem pral pote plis limyè sou yo.
1-Kreye yon koulwa imanitè pandan lit la.
Anpil fwa mwen tande kritik pèp nap defann nan pote sou lit nap fè pou li a. Menm peyi ki nan lagè kite yon espas oubyen bay trèv pou kesyon imanitè. Poukisa nou menm kap mennen yon batay yon batay pou mas la bloke li menm poul al pran laswenyay. Lidè tèt mato fè mete barikad menm devan lopital madi pase a. Sa te fem mal lèm wè lopital Konvansyon Batis Katye Moren gen gwo barikad. Kawoutchou ap boule devanl. Mw te twouve sa inimen e mwen panse sil te yon zak izole òganizatè yo tap denonse sa. Mw rankontre nan Zòn Vètyè yon fanm ki gen tranche sou pòt paske moun kap defann li yo pa dakò menm yon moto pase pou mennenl lopital. Ajoute sou sa yo anpil fanm ak timoun viktim kadejak anba men moun ki devan barikad. Sa bay moun yo move konpreyansyon de lit popilè e yo gen move souvni de li. Poutan se yon zouti chanjman lè se sitwayen pèzib ki pran desten yo an men.
2-Zafè gang ki vle konvèti tèt yo an revolisyonè ak dechoukay.
Tout moun sonje dèfen Apredye ak madanm li te bay anpil gang jarèt. E gang sa yo anfas lit popilè a paske malere pa gen kòb pou ba yo gwo zam. Kidonk si se pa nou ki ba yo zam fann fwa yo, yo pap travay pou nou. Barbecue chèf G9 kap fè masak, kidnape moun pa ka revolisyonè. Mw sezi wè anpil moun te kwè misye ap batay kont sistèm. Sistèm lap benefisye a. Depi preske yon mwa kriminèl sa pran Vare an otaj. Li di se konsal chwazi goumen kont sistèm nan poutan depi kèk jou nou tande se piye lap piye, vòlè gaz. E li menm ap mande pou yo legalizel nan krim òganize. Mw menm sim nan yon lit depi kriminel vin pran woulib map chanje taktik e map denonsel. Malerezman li jwenn anpil sipò bò kote moun kap goumen pou pouvwa. E tout moun konnen se Magali Abitan yon jovnelis tèt vid ki dèyèl ak divès lòt lidè ki vle kraze peyi a.
Depi lontan manmanm toujou ap palem de dechoukay. Selon istwa mw tande yo, dechoukay la se yon pote boure pèp fè sou enmil yo pou fè yo vole gagè epi piye byen yo. Ebyen dechoukay la denatire. Depi kèk jou lidè politik pran kriminèl san fwa ni lwa mete dèyè yo pou piye boutik ti malere ki pran lajan kout ponya labank pou chèche lavi. Se ak tristès map gade dezespwa malere parèy nou kap kriye yo viktim de zak sa yo. Nèg pwofite atake lidè politik ki pa gen menm opinyon ak yo. Pandan byen oligak yo rete entak. Byen piyajè petrokaribe, dèmalòg, CIRH yo rete entak. Pèsòn pa oze atake yon anbasad. Poutan nou toujou di se yo ki enmi pèp.
3- Yon entèvansyon etranjè pou kolte ak gang yo.
Pou mwen yon entèvansyon militè etranjè endispansab pou pote yon solisyon a kou tèm. Popilasyon an ozabwa ak zafè gang nan e yo pa ka tann ankò. Nou tout konnen feblès lapolis la e enstitisyon an montre li paka kòlte ak pwoblèm gang lan. Entèvansyon militè a ka pèmèt leta afebli gang yo e pote apwi teknik ak lojistik ak PNH la pou yo kontinye travay la. Lap pèmèt tou leta kòlte polisye ki nan konivans ak gang paske tout moun konnen lapolis la gen anpil koronpi. Sepandan mwen kont tout okipasyon militè etranjè. Fòk se yon entèvansyon ponktyèl ki pa dire menm jan ak MINUSTHA.
Anpil politisyen ki kontribye nan san ki gen la a kanpe anfas entèvansyon sa a. Anpil nan yo gen enterè yo nan gang yo. Pou yo gang yo ka ede yo nan batay pou pouvwa. Plis gen kawo nan peyi a se plis yo konfòtab. Epi etonamman pa janm gen yonn bandi sa yo kidnape. Eske se yon aza?
Map evite twò long men li enpòtan poum te pote limyè sou pozisyonm yo. Lit popilè a pa dwe kanpe, revandisyon pèp la pou yon pi bon kondisyon egzistans dwe satisfè. Men mwen kont tout move zak woulibè ak politisyen degrenngòch ap fè sou pèp la pandan yo di se pou li yap travay. Si nap kontwi yon lòt leta fòk batay la montre se moun konsekan kap mennenl men se pa moun kap goumen pou pran pouvwa nan nenpot kondisyon.
Viv Ayiti! Viv lit popilè! Aba Gang! Aba politisyen tradisyonèl!
0 notes
fmarckenson · 4 years
Text
Kisa Kètis Ema gen ak Fatal Marckenson?
Swit ak gwo leve kanpe sendika anseyan nan tout peyi a te lanse. Misye te di pap gen mouvman nan depatman nò a psk li soudwaye tout sendikalis.
Britsoukou kontrèman a sal te di UNNOH Fòs lekòl ak CNEH fè yon kòkenn chenn manifestasyon ki tranble tout depatman an lendi 31 dawout ki sot pase a.
Nan aswè Kètis deklare sou radio Mega se yon bandi ki rele Fatal ki al fè dezòd nan lise yo. Li akizem de tout bagay.
Mw te reponn li sou radio Tropic FM poum te dil moun ki pa fòme a di sal vle. E se paske li pa fòme ki fè lap pran desizyon de grenn gòch sa yo nan direksyon depatmantal la. Pou rapèl, tout moun konnen Agenord Cadet pat vle nome Kètis direktè prensipal depi 2017 paske li pat gen diplòm inivèsitè. Men sou presyon pouvwa yo te bal pòs direktè adjen. Se yon jounalis amatè. An 2018 Jovenel deplase poul al fè minis Levasyon siyen lèt pou mete Kètis direktè prensipal.
Depi mouche a direktè anyen pa mache, se koripsyon ki ap taye banda. Li fè ekip ak yon sèten Avena ki te revoke pandanl te direktè lekol nasyonal paske li te vole 50 000 goud ki te la pou fe travay nan lekol la.
Depi apre 31 dawout se pèsekisyon ak tout fòm menas map resevwa. Nan madi 1 septanm yon sèten "Kraze" menase poul touye tout pwofesè kap revandike bon jan salè. Kraze a se zanmi Kètis li sot nome ak 3 chè pandan li kite profesè ki tap bourike yo sou beton.
Nan fen mwa Septanm ki sot pase la Direksyon lise Boukman banm yon lèt travay ki di yo pa repwochem anyen e mw fe travay mw kòm sa dwa. Mw te mande lèt la nan sousi poum te monte yon dosye poum mande yon pret nan BNC. Selon sa resous imèn rapòte Kètis kenbe dosye a epi li di lèm vini dim "Tidirektè san diplom nan sezi dosye a".
Li fè yon rankont ak yon ekip jounalis pou denigrem nan dim pa fè travay mw, tretem 2 tout sak pa bon.
Li monte yon konplo ak kèk pwofesè. Li peye yo pou yo fè kou ratrapaj an menm tan monte fo rapò pou dim pat travay pandan tout ane a. Lèm evoke lèt travay direksyon lise a, joudalis parèy li yo di se zanmitay mw ak direktè lise a ki fèl banm lèt la. Tandiske mw pa gen lot rapò ke rapò pwofesyonel ak direktè lise a.
Kètis di nan rankont ak ekip li lap metem deyò nan sistèm nan. Se pou sa lap monte fo dosye. Li menase kenbe chek mw pou mwa septanm nan.
Komanm te fè rantre nan sistèm nan?
Apre etid segondèm Kolèj Nòtredam, mw pase 3 an ap etidye syans sosyal Lekòl Nòmal Siperyè epi 1 an espesyalizasyon nan istwa. Mw fe yon staj 3 mwa apre sa mw nome 30 septanm 2015. Anplis de sa mw fè dwa. Mw korektè bakaloreya depim 2016. Kètis deside poul dim pap korije depil la.
Pi gwo pwoblèm Kètis se paske mw fòme e mw dil souvan li se yon Direktè pakoti san diplòm inivèsitè.
Men misye desann ba. Mw panse poul ta reponn mw se ak diplom li e non pèsekitem.
Fok yon moun konprann poukisa Gregory mouri. Gen yon lit kont entelijans nan peyi a. Map alète tout kouch nan sosyete sou menas map resevwa. Lavim nan men Kètis, Kraze ak Avena. Mèsi PHTK!
Mw pap fè bak nan defann dwa pou pwofesè viv tankou moun, pou yo gen yon salè desan. Kètis benefisye lit sendika anseyan yo mennen paske sa lap touche a se anpil lit ki metel nan nivo sa. Nou pap fè bak, Fòk anseyan viv tankou moun.
Fatal Marckenson, pòtvwa UNNOH-NORD
0 notes